Yon gwo kout chapo pou kouraj ak detèminasyon fanm peyizan Ayisyen

Onè respè pou tout fanm peyizan k ap batay pou chanje kondisyon lavi yo!

Pou kondisyon lavi fanm peyizan yo chanje fòk yo kreye yon zouti pou mennen batay la nan bon direksyon jouk nan bout. Mouvman Nasyonal Fanm Peyizan se prensipal zouti pou yo fè revandikasyon yo jwenn satisfaksyon.

lundi 14 décembre 2009

Nou byen kontan wè w sou blog fanm peyizan ITECA

















Nou byen kontan wè w sou blog fanm peyizan ITECA ki louvri jodi 14 desanm 2009. Nap prezante n nan ouvèti blog la dezyèm Rasanbleman Nasyonal Fanm Peyizan ki te gen 100 delege ki soti nan 9 depatman peyi a
. Dezyèm rasanbleman sa te debouche sou kreyasyon yon komisyon inisyativ pou kanpe yon mouvman nasyonal fanm peyizan.
  • Tèm prensipal rasanbleman an : òganizasyon peyizan se poto mitan pwodiksyon nasyonal ak lit fanm peyizan.
  • Objektif rasanbleman an se kreye yon espas pou pèmèt fanm peyizan yo brasNou byen kontan wè w sou blog fanm peyizan ITECA ki louvri jodi lendi 14 desanm 2009. Pou nou kòmanse n ap prezante nou ouvèti dezyèm rasanmbleman fanm peyizan ki dewoule Gresye nan sant ITECA Ti Boukan, nan dat 13 -16 oktòb 2009. Te gen 100 delege fanm ki soti nan 9 depatman sou 10 lide sou kondisyon lavi yo ,defann enterèyo epi fè repekte dwa yo nan sosyete a; Dwa ekonomik,dwa politik, dwa sosyal ak kiltiltirèl, epi fòse leta satisfè prensipal revandikasyon yo

    Men deklarasyon final ki soti nan dezyèm rasanbleman fanm peyizan an

Ti Boukan, 16 oktòb 2009
DEKLARASYON FINAL NAN OKAZYON RASANBLEMAN FANM PEYIZAN
13-16 OKTÒB 2009 NAN TI BOUKAN GRESYE

Nou menm delegasyon san(100) fanm peyizan ki soti nan 10 òganizasyon fanm peyizan(Regwoupman fanm peyizan Gwomòn, Regwoupman Òganizasyon fanm peyizan Senmak, Regwoupman Òganizasyon Fanm peyizan Chèn Mate, Regwoupman Òganizasyon Fanm peyizan Savanèt, Regwoupman Òganizasyon fanm peyizan Vèrèt, POPNO(ki soti nan 10 komin nan Nòdwès), Fanm peyizan SOFA, Fanm peyizan TK, Fanm peyizan Gresye, Fanm peyizan MOFOD, Fanm peyizan Chantal, Fanm Peyizan Kanperen, Reprezantan branch fanm MPP, nou reyini nan dat 13-16 oktòb pou selebre jounen mondyal fanm riral. Nan okazyon sa a nou pwofite brase lide sou kondisyon lavi nou, sou kondisyon travay nou.
Jounen 15 oktòb la marye ak 16 oktòb ki se jounen lamanjay. Men nou menm fanm peyizan nou pwofite okazyon sa a pou nou reflechi sou souverènte nou kòm fanm k ap pwodui pou bay peyi a manje, epi n ap gade kijan pwodui pèpè ap fin kraze pwodiksyon nou yo, devan je leta nan peyi a ki pa janm fè yon aksyon pou valorize pwodui nou yo, ni pou frennen kontrebann.
Jounen 15 oktòb la marye tou ak jounen 17 oktòb ki se jounen asasinay Desalin ak jounen lit kont lamizè. Nou wè yon lòt fwa ankò se yon asasinay leta ap fè sou nasyon an, lè li louvri vant peyi a bay pwodui pèpè pou kraze tout pwodiksyon nasyonal la epi pou lage nou menm fanm peyizan nan mizè pi rèd toujou.
Lè nou konsidere nou menm fanm peyizan kise motè pwodiksyon nasyonal la, lè nou konsidere se nou menm ki bay peyi a manje, lè nou konsidere nou pa gen tè pou nou travay, se nan plàn, de mwatye, fèm, ipotèk nou ye, lè nou konsidere nou pa gen zouti pou nou travay, se lwe n ap lwe, se nan redi di pou nou achte yon ti semans, lè nou konsidere tout rivyè nou yo se nan lanmè y al tonbe, lè nou konsidere pakèt maladi k ap ravaje bèt ak plant nou yo, lè nou konsidere nou pa gen wout pou transpòte pwodui nou yo nan mache,lè nou konsidere pwodui nou yo pa gen valè sou mache a, lè nou konsidere nou pa gen lopital, nou pa lekòl pou pitit nou, lè nou konsidere enpòtans fanm peyizan nan pwodiksyon nasyonal la ,lè nou konsidere zak vyolans k ap fèt nan seksyon kominal yo, lè nou konsidere kijan pitit nou pa ka gen bon batistè,lè nou konsidere anpil nan nou pèdi batistè ak lòt papye enpòtan nan pasaj siklòn yo,men rekòmandasyon nou fè bay leta ayisyen:
1) Fè bon jan refòm agrè entegre pou fanm peyizan ka pwodui plis manje pou pitit peyi a sispan trennen bòl yo devan lòt peyi.
2) Mete bon teknisyen ki fòme pou akonpaye nou menm fanm peyizan nan travay latè ak nan gadinaj.
3) Konstui mache ak bon wout nan tout seksyon riral yo pou pwodui nou yo sispann gaspiye
4) Mete sant sante nan tout seksyon riral yo pou nou menm fanm peyizan sispann mouri nan fè pitit.
5) Konstui lekòl fondamantal ak pwofesyonèl pou fòme pitit nou yo ki pou pran la relèv nan pwodiksyon an ak pi bon teknik.
6) Arete, jije epi kondane tout moun k ap fè zak vyolans sou fanm peyizan, sou ti fi ak sou lòt moun nan kominote a.
7) Bay ONI posibilite pou l mete biwo nan tout seksyon kominal yo pou bay pitit nou, mari nou ak nou menm bon batistè,
8) Refè batistè ki pa bon yo, epi bay tout moun ki pèdi batistè yo ak lòt papye enpòtan nan pasaj sikòn yo, nouvo papye pou ki idantifye yo, idantifye byen yo genyen.
INITE SE FÒS POU KORE BATAY FANM PEYIZAN YO!!!!!!!
Komisyon inisyativ pou tabli Mouvman Fanm Peyizan:
Louidor Sherlie………………………… Regwoup Fanm Peyizan MariJàn Gwomòn
Dieucilia Altidor…………………………..SOFA
Marie Guerda Jérôme…………………..SOFA
Bienheureuse Noël……………………….RARA DELMA( CHANTAL)
Silphane Antoine………………………….Regwoupman Fanm Peyizan Vèrèt
Christna Dérat ………………………..Platfòm Fanm Peyizan Gresye
Chery Silencia ………………………..POPNO
Francise Thélon…………………………….Regwoupman Fanm Peyizan Klèerez
Adeline Jean……………………………….MPP
Chimène Suprême…………………………….Regwoupman Fanm Peyizan Chèn Mate
Gracita Osias………………………………… Sektè Fanm ITECA
Marie Vita Telcy………………………………Sektè Fanm ITECA
Idovia R.Louima……………………………...Sektè Fanm ITECA